Ala Ou Bèl Nan Powèm Nan-Wooly Saint Louis Jean

Genre-Haitian Jazz
Year-2018
Lyrics By-Josaphat Robert Large; Music: Wooly Saint Louis Jean
Ala ou bèl nan powèm nan

M’ape louvri pòt powèm nan
Pou’m kite’w antre ak tout bèlte’w
Se w’ou’k pou di’m
Ki mo pou’m ekri
Pou’m akeyi’w
Ki non pou’m bay souri’w?
Ou menm pi bèl pase tèt ou
Sèt koulè lakansyèl
K’ap koule nan sous powèm nan.

Sa pou’m ekri
Pou’m konvwate’w?
Ki fòm pou karès mwen pran?
Pou’m karese rèv ou, cheri
Pou’m karese rèv ou
Fòk ou reve mwen renmen’w
Fòk ou reve m’ap karese’w
Gen yon grap mo flè seriz
K’ap tann ou nan pa pòt powèm nan.

Kanpe nan kalfou lavi ya
M’ap tann ou pase
M’annik gade syèl la
Tout zetwal penyen lage.

Gad jan silab yo layite kò yo
Pou yo site non’w nan powèm nan
Se w’ou’k pou di’m sa pou’m ekri
Fè lespri’w plezi Madmwazèl
Senserite’m di’m di’w
Mwen renmen’w ak tout kè’m
Ak tout zye’m ak tout kò’m
Olala, ou bèl nan powèm nan
Senserite’m di’m di’w
Mwen renmen’w ak tout kè’m.

Olala, ou fè powèm nan bèl.

Pawòl: Josaphat Robert Large
Mizik: Wooly Saint Louis Jean