Kisa Nou Ye ?-Reginald Policard

Genre-Haitian Jazz
Year-1999
Featuring-Reginald Lubin
Kisa nou ye ?

Van pousiè dechè ou vag lanmè
Yo di sa nou fè se sa nou wè
Kisa nou ye ?
Kisa nou ye ?

Gen de jou n' rele
Viv lavi tan sa bèl
Kisa nou ye ?
Kisa nou ye ?

Men gen lot moman
Men gen lot moman
Nap vire an won
San nou pa konprann
Tout sa lavi
Ap fè n' subi

Wi gen lot moman
Wi gen lot moman
Konsa san klaxon
Tout bagay vinn sonb

Lapli pa janm fè chemen krochi
Se toujou do kay pam li chwazi
Kisa nou ye ?
Kisa nou ye ?

Kisa nou ye ?

Gen de lè ou plen chans
Pase menm sou moun san zatann
Kisa nou ye ?
Kisa nou ye ?

Men gen lot moman
Men gen lot moman
Nap vire an won
San nou pa konprann
Tout sa lavi
Ap fè n' subi

Wi gen lot moman
Wi gen lot moman
Konsa san klaxon
Tout bagay vinn sonb

Yon timoun dezan ki nan bibron
Tren lanmo pase li volè manman l'
Kisa nou ye ?
Kisa nou ye ?

Yon sèl kout loray
Mapou tonbe
Li pran dife
Kisa nou ye ?
Kisa nou ye ?

Kisa nou ye ?

Men gen lot moman
Men gen lot moman
Nap vire an won
San nou pa konprann
Tout sa lavi
Ap fè n' subi

Wi gen lot moman
Wi gen lot moman
Konsa san klaxon
Tout bagay vinn sonb

Tout bagay vinn sonb

Solo

Men gen lot moman
Men gen lot moman
Nap vire an won
San nou pa konprann
Tout sa lavi
Ap fè n' subi

Wi gen lot moman
Wi gen lot moman
Konsa san klaxon
Tout bagay vinn sonb

Kisa nou ye ?
Kisa nou ye ?
Kisa nou ye ?