Lanmou Vle Nou-Rutshelle Guillaume

Genre-Haitian Jazz
Year-2014
[Verse 1]
Pa mande m pou kisa, ni pa di m podyab
Sèl sa m konnen m’renmen w, e sa pa yon fab
Kè m se ou li vle, malgre tout mòn ki separe n
Mwen santi gen yon gwo fòs ki konekte n

[Pre-hook]
Mwen menm avè w t’ap anbeli jaden lanmou
Si nou kite renmen mennen nou
Mwen vle zanmi w, m’vle viv avè w
Mwen damou
An nou kite renmen mennen nou

[Hook]
Lanmou vle nou (4x)

[Verse 2]
Ou se yon pwojektè ki pote limyè
Ou s’on motivatè ki rale siksè
Ansanm nou ka mete yon kwen syèl la sou tè a
Wi lanmou vle nou, an nou kite li mennen nou

[Pre-hook]
Mwen menm avè w t’ap anbeli jaden lanmou
Si nou kite renmen mennen nou
Mwen vle zanmi w, m’vle viv avè w
Mwen damou
An nou kite renmen mennen nou
Paske…

[Hook]
Lanmou vle nou (4x)

[Outro]
Mwen menm avè w t’ap anbeli jaden lanmou
Si nou kite renmen mennen nou
Lanmou vle nou