Padon-Reginald Policard

Genre-Haitian Jazz
Year-2014
Featuring-Jeff Policard
[Intro]
Padon (rpt)
Padon cheri padon

[Verse 1]
Kijan m’pral gade w nan je,
Lè m vire kò m nan tout sans?
Sou ki pye mwen pral danse?
Eske w'ap ka refè m konfyans?
M'ap mache devan dèyè
Figi m tankou yon vye chodyè
Gad nan ki mera m'tonbe
Kote bonzanj mwen te ye?

[Refrain]
Padon cheri, padon

[Verse 2]
Fèt chanpèt La Plaine du Nord
Plezi gaye tropi kouwè pòv
Lè l fè jou mwen louvri je m
Se pa ou k te bò kote m
P'konn ki pye m m'pral met devan
Pou m di w cheri se vre m'antò
M'pran nan yon kou pa konprann
Men sa pap rive m ankò

[Refrain]
Padon cheri, padon

[Bridge]
Si ret plas pou mwen nan kè w
Men jadis m'lage men
M'ap fann rout la pou m vinn wè w

[Refrain]
Padon cheri, padon