Mache Dwat-DonaldZie

Genre-Haitian Jazz
Year-2021
Produced By-DonaldZie
Lyrics By-DonaldZie Théodore & Music: DonaldZie
MACHE DWAT

Deyò a
Gen van ki ka tenyen dife w
Deyò a
Gen voras ki vle devore w.

Ou dwe konnen
Ou kapab chwazi bon chemen
Ou dwe konnen
Kote w vle ye demen.

Deyò a
Gen sa ki pral di w se bote w
Ak kò a
Ki sèl atou ki ka sove w.

Men, ou dwe konnen
Se konesans ki pou gide w
Wi, ou dwe konnen
konpetans ou se kle w.

Mache dwat
Chèche wout ou
Mache dwat
Koute nanm ou
Mache dwat
Kwè nan fòs ou
Mache dwat
Aprann dwa ou.

Deyò a
Gen moun k'ap louvri pòt pou ou
Deyò a
Gen sa k'ap klere w nan kafou.

Ou dwe konnen
Ki moun pou kite bò kote w
Wi ou dwe konnen
Kiyès ki vrè alye w.

Deyò a
Chaje moun ki konte sou ou
Deyò a
Gen sa k'ap anvi suiv tras ou.

Ou dwe konnen
Ou ka yon limyè ou menm tou
Wi ou dwe konnen
Ou genyen devwa tou.

Mache dwat
Chèche wout ou
Mache dwat
Koute nanm ou
Mache dwat
Kwè nan fòs ou
Mache dwat
Aprann dwa ou.

Ou chaje kalite
Pa kite dòmi al' avè w
Leve pou'w lite
Fè tande vwa ou, montre valè w
Panse pou vanse
Suiv bousòl ki andedan kè ou
Mache chèche wout ou
Chèche mache dwat.

Mache dwat
Chèche wout ou
Mache dwat
Koute nanm ou
Mache dwat
Kwè nan fòs ou
Mache dwat
Aprann dwa ou.

Paroles et musique:
DonaldZie Théodore.