Timoun Yo-BélO

Genre-Haitian Jazz
Year-2008
Produced By-Andy Barrow
Lyrics By-Jean Bélony Murat
Tchovi yo bezwen yon chans
An’n ba yo tout enpòtans
Si’w te ka pale ak dlo ki nan je’m
Li ta di’w kisa’m genyen lè’m ap kriye san rete

Si’w te ka pale ak batman ki nan kè’m
Li ta di’w kisa’m pè, kè’m palpite tout tan
Tout tan, timoun yo nan touman
Ya koukouman, anba tout move van an
Pa gen moun ki f’on jan (adje)
Timoun jodi, granmoun demen
Se sa tout tan yap klewonen
Si sak devan ba yo lamen
Mete yo sou bon chimen
Na wè yon jou
Kijan peyi nou va chanje, kijan lap vin bèl
Tankou bijou
Men se pa sa’m wè ditou
Sa fè’m prèt pou’m fou
Mwen kontinye reve sa toujou (adje)

Si’w te ka pale ak dlo ki nan je’m
Li ta di’w kisa’m genyen lè’m ap kriye san rete
Si’w te ka pale ak batman ki nan kè’m
Li ta di’w kisa’m pè, kè’m palpite tout tan

Tout tan yè
Mwen pa wè
Timoun yo nan chimen, ki mennen yo nan limyè
Pou yo wè klè lespri’m pa janm kab anpè ( adje)
Timoun’n sa yo se lespwa Ayiti
Gad jan wap drive nan lari
Yo anba lapli, solèy ak fredi
Yo pa gen fanmi ni zanmi
Timoun yo o ooh
Se bon semans yo ka pote delivrans
Timoun yo o ooh
Se nou ki pou ba yo yon chans
Timoun yo o ooh

[Bridge]
Ankadre yo
Se yo ki avni peyi nou
Ede yo
Se yo men’m ki kanè bank peyi nou
Yo konte sou nou
Pou pwodwi gwo interè