Nam Memwa Jacques Stephen Alexis-Wooly Saint Louis Jean

Genre-Haitian Jazz
Year-2022
Featuring-Fabrice Rouzier, Emmanuel Valcin
Produced By-Jean-Jacques Stephen Alexis For The InterfineArt Group.
Lyrics By-Rodolphe Mathurin
Nan menmwa Jacques Stephenn Alexis

Nan bri lanmò gen van ki soufle
Nan mach lavi gen loray ki sonnen
Lodè l se tranchman vant lanmè
Koulè l se fèy woukou Astèk

Jak Aleksi siyen Jak Desalin
Pou mache simen fòs Lalibète.

Devan papòt Lasivilizayon
Li fè verite pyafe sou solèy
Li fè dlo sous toufe Lalin nan nen
Pye malanga tounen (gps) limyè pou lavi

Jak Aleksi siyen Jak Roumen
Pou pote limyè lakonesans.

Bout pa bout nou vin konprann
[n ap dekrenmen]
Gout pa gout n ap deseche
[ nan mitan rèv nou]
Tou sa nou merite rete kanpe anwo tèt nou
Tou sa ki pou nou yo sere byenfon anba pye yo
Yomenm Yo se Yo
Nou, Nou se yon Kan
Chapo pay nou tounen panyen pèse pou dlo bwote tout espwa
Chak gout dlo tounen kwòk pwason ki jouke mizè nou pi plis.

Nou tout pran sant tè a, lò l tranble
Kè nou ponpe anba lalwèt nou
lè pousyè deplase venn nan kò nou
lè lafimen pouse zèl nan rèv nou

Jak Aleksi siyen Jak D. Anbwaz
Pou goumen pete pòt pran lari.

Gen san lane
n ap jete san
pou lave san
Avril senyen
22 Avril 62
22 Avril 22

Nou janbe kafou nan tounen pousyè
Van bwote tout kote nan tou bwa
kote plim je zwezo se grenn lapli
ki pèdi chimen sou nich pay pwoletè.

Bri wòch desann nan dlo Van sapata
Pou lawouze toufe tout zèb ginen
Jis tèt peyi a fann pak an pak
Jis nou tonbe nan touwonsanfon.

Rodolphe Mathurin