Jak Sole Tou Vivan-Wooly Saint Louis Jean

Genre-Haitian Jazz
Year-2022
Featuring-Fabrice Rouzier, Emmanuel Valcin
Produced By-Jean-Jacques Stephen Alexis For The InterfineArt Group.
Lyrics By-Guy Régis Junior
"Jak sole tou vivan"

Disparèt Jak sole
Fann fwa Jak sole
Pete zizye Jak sole
Defifare Jak sole pakanpak
Boukannen Jak sole
Farinay Jak sole
Jak sole kanpe doubout
Jak sole pa brennen
Jak sole rete tennfas
Jak sole boutdi
Jak sole pwennfèpa
Ala malouk Jak sole malouk
Al di yo
Yo menm ki pito boukante limyè pou fenwa
Yo menm ki pito tenyen lanjounen pou lannuit
Jak sole mouri : pou chak grenn moun tounen Jak sole tou vivan
Jak sole fè yon kite sa : pou sann Jak sole leve Lakansyèl
Jak sole kraze rak : pou Jak sole limen plidetwal nan syèl
Jak sole al kanni ak vètè anba tè : pou priz tè Jak sole boujonnen zetwal