La Pèsonn-Caribbean Sextet

Genre-Haitian Jazz
Year-1982
Produced By-Reginald Policard
Peyi a sonm pa gen limyè
Solèy kouche depi 4 katrè
Kote m pwale, kote m rete
Nan tout lari a m'ap chèche w

La Pèsonn oh, babay
Babay, babay
La Pèsonn oh, babay

Men malè mwen pran koulè
Yon vye chyen sou lapli
Vwazinaj ba l kout pye
Li jape gwo lannwit

La Pèsonn oh, babay
Babay, babay
La Pèsonn oh, babay

Mwen desann sou pòtay
M'ateri Bisantnè
Mwen desann bò l'anmè
Mwen rele: "Agwe kote w?"

La Pèsonn oh, babay
Babay, babay
La Pèsonn oh, babay