Sa Se Trop-Reginald Policard

Genre-Haitian Jazz
Year-1997
Featuring-Boulo Valcourt
Produced By-Reginald Policard
Lyrics By-Syto Cavé
[Verse 1]
Jan ou wè chat la mache, se pa konsa li peche
Tankou ‘on jèn ti papiyon, w’ape banmwen toudisman
Ou vire vi m nan tout sans
Tankou w ti toutou de Frans, w’ap fè m jape
Sa se twòp
Depi dizan m’ap file w, ou menm w’ap fè m filalang
Tout timoun ki nan katye m kòmanse rele m kòk pye
Chak maten yo wè m pase pòtre yon vye krebete
Sa se twòp
[Refrain]
Sa se twòp , sa se twòp
Machè si w wè ou pa sispann, san vagabon m gendwa monte m
E si w kite sa rive la, ma va pete yon kabouyay
M’ap fo n veve, m’ap kalonnen w
M’ap fè w konnen longè moun fou m
[Verse 2]
Malgre tout sa w fè m pase, m’jwenn mwayen tounen nan pye w
Depi solèy la pwente, jouk tan solèy la kouche
Mwen kanpe yon sèl kote, m’ap finn fennen anba je w
Tonè kraze m – sa se twòp
Gad jan ‘on lanmou vinn pou mwen
Ala ‘on lanmou asasen
Kè mwen lage de gidon, nan tout toubiyon jipon w
Tankou ‘on pòv san diyite k’ap mande la charite
Sa se twòp
[Refrain]
Sa se twòp, sa se twòp, wii sa se twòp
Machè si w wè ou pa sispann, san vagabon m a va monte m
E si ou kite sa rive la, ma va pete yon kabouyay
[Scatting & instrumental solos]
[Verse 3]
Si Bondye desann nan kè w, si bonzanj ou ta monte w
M’ap ofri w tout sa w bezwen, yon jaden ki chaje flè
Yon lakansyel je fèmen, tout richès ki sou latè
Tonè boule m, sa pa twòp
[Refrain]
Sa pa twòp (rpt)