Pa Koute Yo-BélO

Genre-Haitian Jazz
Year-2014
Featuring-Eddy François
Produced By-Jean Bélony Murat
Pa koute moun yo
Travay, yo mèt pale

[Verse 1]
W'ap travay pou vanse
Yon lòt menm chita l'ap pale w mal
L'ap ret tann pou tonbe pou l ka ri w
Konsa li pa nomal
Li pran anpil plezi kritike w
Alòske li pap janmè ede w
Se li k'ap taye zèb anba pye w
Lage po fig, po mango anba pye w

[Chorus]
Pa koute moun yo
Travay, yo mèt pale

Pa koute yo
Moun sa yo se jwèt yo y'ap jwe tande
Pa koute yo
Si w koute yo, ou pap janm vanse

[Verse 2]
Lavi a s'on bisiklèt
Se anpil efò k' pou fèt
Si w sispann pedale, ou pa janm rive
Gen de moun se gonm chiklèt
Ou menm fòk ou tèk-tèk
Yo pa janm voye wòch sou mango ki vèt

[Chorus]
Pa koute moun yo
Travay, yo mèt pale (Pinga w koute yo)
Pa koute moun yo (Se sa y'ap fè pale)
Travay, yo mèt pale

N'ap travay pou n veye mo

Pa koute yo
Moun sa yo se djòb yo yap fè
Pa koute yo, pinga w koute yo
Moun sa yo se sa selman yo fè

Pale yo ka pale
Koze yo ka koze
Pale yo ka pale

Nou pap koute yo
N'ap travay o

Nou pap kou..
Belo! Hay, fo n travay
Nou pap...Ayiti
Nap travay o

Travay, m'ap travay
San konn kiyes k'ap peye mwen
Travay m'vin travay
Lajan paka egare mwen
Lajan paka egare mwen
S'on fèy papye yo met 'on nimewo ladann o

Pa koute
M'pap tande
Pa wè yo
N'ap travay

Ou pa ta di se gwo chay...