Yon Ti Mo-Emeline Michel

Genre-Haitian Jazz
Year-2007
Featuring-Daniel Beaubrun
Kou yon chimen tou trase
Sa k' pou rive dwe rive
Gen bagay nou pa kontwole
Nou kwaze, nou pa kontre
Men lavi rebann randevou
Gen yon koze nou dwe koze
Yon ti mo fou ke nou pral di
Telman kontan mwen vivan
Map ret tann lontan
Yon moman (yo moman) pou nou de (pou nou de)
Gen yon bagay m'sere pou ou
E mwen pap bay pèsonn li

Kou lodè bougenvilye
Nan fon kè m ou ret tache
Menm lè m'pa bat kò m, pa chache w
Tankou savann sèch anba lapli
Kè n ap bwè tout myèl tandrès ki te sere

Yon ti mo fou ke nou pral di
Lontan nape cheche kouman pou nou jwenn
Yo moman (yo moman) pou nou de (pou nou de)
Gen yon bagay m'sere pou ou
Mwen pap bay pèsonn li
Pa bay pèsonn li
Non non non non non non non

[Guitar solo]
Hmmmm
Pa bay pèsonn li

Yon mirak fèt devan je m
Si jodi a ou tou pre m
Kelke swa kote ou vle..wi
Sere mwen, vòlè mwen
Pa mennenm tounen

Yon ti mo fou ke nou pral di
Mape ret tann lontan...hmmmm
Yon moman (yo moman) pou nou de (pou nou de)
Gen yon bagay m'sere pou ou
E m'pap bay pèsonn li

Pa bay pèsonn li

Hmmmm

Yon ti mo fou ke nou pral di
Mape ret tann ou lontan...hmmmm
Yon moman (yon moman) pou nou de
Gen yon bagay m'sere pou ou
Mwen pap bay pèsonn li

Non non non non non non non non