Manman-Manno Charlemagne

Genre-Folklore
Year-2010
Lyrics By-Manno Charlemagne
[Verse 1]
Se pa sipriz si jodya m ap chante pou ou
Pou valè mizè ke w pase m pa kwè m ap janm fin peye w
Nou pa moun la grande societe n ap woule sou on je crois en Dieu
Manman Pito nou chante souple, rele lespwa kote l ye
Pou nou pa dekouraje tab nou ekziste


[Verse 2]
Manman cheri se ou k tout viv detèminasyon m
Jès tandrès afeksyon manke tout s akoz de sitiyasyon
M gade w nan je w gade m nan je se kè nou tou de k ap rache manman
Kou w tande mwa Me rive, manman m pa gen jou sakre
Li sou tè a l ekziste, lakay flè woz pa rantre

[Kè]
Ou wè ke mwen devwe chèche lavi pou m pa kite w soufri
Se pa anvi m manke il parait se jou pa nou an k poko rive

[Verse 3]
Gad jan lavi fè m kazwele, fè mwen reziye
M jèn ponyèt mwen pa koupe, vye manman m trime l ap trime
Ou tande n chita n ap pale depi w tande l pran lepase manman
Tout swit fò l gen dlo nan je l, lò sa bon anj mwen ale
Menm vole mwen t a vole pou l ka konsole

[Verse 4]
S on vye madanm ki gen kouraj pou li reziste
Aprè on karès on tèt grate li souri l mande fè derale
Li di pitit mwen nou pat ne ke montay pa konn deplase
Manman tout moun pat fèt pou l ere moun pa fèt pou l twò prese
Se paske w ka obsève ki fè w gen tèt chaje