M Ap Retounen Nan Peyi Mwen-Beken

Genre-Folklore
Lyrics By-Beken
Afè m pa bon nan kapital
M ap retounen nan peyi mwen
Se la mwen ne lonbrit mwen antere
Fò m tounen nan peyi an mwen

Lavi sila franchman ala panse mwen panse
Lè pou m dòmi se tout yon touman
Pou m jwenn yon ti somèy
Pafwa m rete m al chèche kay yon bon ti zanmi
Se toujou nan on bon ti odyans
Pou pèn mwen ka soulaje (2x)

Gade depi m piti
Mwen poko janmen wè kote absè grangou tounu
Konn donnen sou klou lamizè
Lakay nenpòt kijan sa pa pi mal
Ayayy afè m pa bon
pouki m ap fè tèt mwen pase mizè konsa
an verite pito m retounen nan peyi mwen

Afè m pa bon nan kapital
M ap retounen nan peyi mwen
Se la mwen ne lonbrit mwen antere
Fò m tounen mezanmi nan peyi mwen