Lamayot-Manno Charlemagne

Genre-Folklore
Year-1994
Lamayot

Lan fè grimas se drapo nou pote
An madigra se konsa n evolye
Pou kanaval nou poko rasazye
Men mèkredi lè sann gen pou l rive
Nou pran patri nou pase l anba pye
Nou vann peyi nou pou bèl kay lòt kote
Pou mwen nou pa menm madigra k mal maske
Vin wè pou n ta devan lan defile

Pòtoprens ala kote w tande
Madigra mache lan cha blende
Madigra m pa pè w se moun ou ye
Madigra m pa pè w se moun ou ye
Se premye fwa m t ap wè sa rive
Madigra bay tèt li oun grad souple
Pou l fè m pè se lè sa m pral pyafe
Lamayòt m pa pè w m pa pè w m pa pè w
Lamayòt m pa pè w se moun ou ye

Antan ke moun ak responsabilite
Ki vle lite ak tout lisidite
M ouvè dra blan pou sa k gen lonètte
Vini kouche woule montre salte
Pa met anyen sou do sou devlopman
Pa chèche mo pou nou fè fuit an avan
De syèk de sa nou te moun konsekan
Lan goumen kont zòt pou n endepandan

Pòtoprens ala kote w tande
Madigra mache lan cha blende
Madigra m pa pè w se moun ou ye
Madigra m pa pè w se moun ou ye
Se premye fwa m t ap wè sa rive
Madigra bay tèt li oun grad souple
Pou l fè m pè se lè sa m pral pyafe
Lamayòt m pa pè w m pa pè w m pa pè w
Lamayòt m pa pè w se moun ou ye
Lamayòt m pa pè w m pa pè w m pa pè w
Lamayòt m pa pè w se moun ou ye