Pi Bon Zanmi-Anie Alerte

Genre-Folklore
Year-2016
[Verse 1]
M konn ap veye granmoun ki chita ap pale
de zanmitay nan le pase ke jodi a yap chèche,
Mwen konn tande moun kap di ke lanmitye
de nos jour pa janm dire gen sak di l pa egziste,
men lè m gade mwen avè w tout sa nou pataje
m pran diksyonè an mwen pou m chèche
m pa wè lòt sa w te ka ye

[Refrain]
Ou se solèy nan lajounen mwen
Bel linn zetwal nan lannwit mwen
Ou se lapli le sechrès mwen
Ou seee
Ou se sèl nan manje m
Enkanasyon bondye nan je m
Batman kè mwen
Wi ou se pi bon zanmi mwen

[Verse 2]
Si w byen gade w ap wè se sak pa manke
nan fon kè w si w byen chèche w ap jwenn youn kite kache,
Sa konn rive kè n gen kont fè ti fache
fè kèk tan sann pa pale menn toujou rekonsilye.
Koz lè n gade mwen avè w tout sa nou pataje
nou patap janm ka imajine ke'n genyen poun separe
[Refrain]

[Bridge]
Ou konn sa m vle lè m pa mande
Ou konn sa m panse sanm pa pale
Lè m bezwen'w ou pa janm twò lwen ou pran defans mwen
Ou konn janm ye lè m pa kontan
Suporte m nan move Moman'm yo
Ou voye jew sou mwen detanzantan

[Refrain]