Lontan Lontan-Yole Dérose

Genre-Folklore
[Verse 1]
Lontan lontan ou te gen on ti jan ou kenbe mwen
Ou te konn gade gade m gade m gade m jiskaske w fè m mal
Men kounye la tout sa chanje ou pa vle wè mwen tande pale de mwen
Kisa ke m fè w sinon ke m renmen w twòp malgre ke w meprize m
Mwen bo priye w mwen bo kriye
Mwen supliye w mwen sipliye w ak kè m
M ape mande w kisa ke m fè w
Kote lontan kote lontan pase

[Verse 2]
Wa va sonje ni ou ni mwen nou te gen zèl
Nou te konn vole lòt bò lalin tankou de toutrèl
Men kounye la tout sa chanje ou pa vle wè mwen tande pale de mwen
Kisa ke m fè w sinon ke m renmen w twòp malgre ke w meprize m
Mwen bo priye w mwen bo kriye
Mwen supliye w mwen sipliye w ak kè m
M ape mande w kisa ke m fè w
Kote lontan kote lontan pase

[Sax]

Mwen bo priye w mwen bo kriye
Mwen supliye w mwen sipliye w ak kè m
M ape mande w kisa ke m fè w
Kote lontan kote lontan pase

Tankou yon bato lontan lontan voge l ale
Tankou on zwezo lontan lontan vole
Tout flè choublak vle di w ke kè m senyen
Senyen senyen