Lumane Casimir-Carole Demesmin

Genre-Folklore
Year-1979
Lyrics By-Jean-Claude Martineau
[Verse 1]
Si lakansyèl te gen vwa si lakansyèl te ka chante
Se tankou Lumane li ta chante
Kote Limàn pran lavwa gen yon toubiyon ki leve mande pye palmis yo danse
Epòk sa a se nan tan Bisantnè
Si ou fèt avanyè ou pa sa konnen kouman ayisyen te fou pou li
Kouman yo te renmen Lumane Casimir

[Verse 2]
Yon tifi, yon ti kòmè pwovens ki rive Pòtoprens vini chache lavi
Yon tifi, san fanmi san zanmi
Yon gita anba bra l ak yon espwa nan vwa l
Lè l kanpe, lè l kanpe pou l chante wosiyòl k ap pase vin poze pou tande
Se konsa anvan 1 an pase Bèlè kou Bwavèna se de li y ap pale

[Verse 3]
Nan yon ti kay san limyè ki te nan lakou Fò Senklè genyen yon fi ki pwatrinè
Se la yo di l remize, gen yon sèl moun k ap okipe l
E se pa toulejou l vini
Gen de twa timoun nan vwazinay ki konn fè ti goutay pou ba li manje
San konnen se yon dènye zanmi, se yon dènye fanmi Lumane Casimir

[Verse 4]
Lè l mouri, lantèman l ap chante
Tout moun li te fè byen yo youn pa prezante
Men se te yon jounen san solèy
Syèl la t ape kriye tout nyaj yo te pran dèy
Pye lorye ki gen sou plas Sentan, yo pliye yo panche pou yo salye Limàn
E nan van, nan van ki t ap pase , gen moun ki fè sèman yo tande l ap chante:
Papa Gede bèl gason, Gede Nibo bèl gason
Abiye tout an blan pou l al monte o palè
Lè l abiye tout an blan, li pòtre yon depite
Lè l abiye tout an nwa, li pòtre yon senatè
Woy Papa Gede, adye Gede Nibo