Message-Ansy Dérose

Genre-Folklore
Year-2023
Featuring-Yole Derose
Ansy Derose - Message

Ref:
Se pou tout moun viv ak kè kontan
Se pou tout moun viv avèk espwa
Ka tout moun gen nan’ m,
Tout moun gen kè
Men Si nou vle simen de grenn lespwa
Lè lapli tonbe ya va pouse
Lè solèy leve n’a rekolte.

Verse 1
Nan tout lari moun ap pale
Kote ou pase se yon sèl koze
Yo tout ap di manje vinn chè
Se la natu ki revolte

Timoun lekol, a tout travayè
Menm si ou doktè wa plante tè
Ka se manje ki premye remèd
Pou sa ki rich pou sa ki pov

Choeur
Ann al plante
Anvan l' tro ta
Si n' gen mayi
N'a detrui maladi

Ref:

Verse 2
Si n' vle pou n' antere mizè
Si n' vle pou tout moun gen manje
Se pa pou nou rete chita
Se pou nou tout met men nan sa

Lè matin n' a va leve
N' a lapriyè devan solèy
N'a va manchte kouto digonn
Pou n' sekle te pou n' plante yanm

Choeur
Wi n'a va manchte kouto digonn
Pou n' sekle te pou n' plante yanm

Ref

Verse 3
Gen yon posyon moun
Ki pap travay
Kap promennen tout la jounen
Sinkant kinz dis pasi pala
Poutan se yo k' gen monopole

Li lè li tan pou n' delivre
Menm la natu finn revolte
Papa Bondye nou mete ou devan
Ba nou chimen pou n' pa peri

Choeur
Wi Papa Bondye nou mete ou devan
Ba nou chimen, Ba nou kouraj
Kouraj pou n' ka travay

Ref 2 fois