Jebede-Manno Charlemagne

Genre-Folklore
Year-1978
Jebede

Lami Frero ke m wè nan melankoli
M rele l apa mwen di l gen lè wape soufri
Li di Manno m santi m vekse
Manno m santi m skandilize
Yon eleman ke pwovidans favorize… ki di
Ki marcher di ke l cultivé
Ki pwomennen di ke l konn pale franse
L ap jebede

Yon eleman ke pwovidans favorize
Ki konprann ke li kapab vin eksplwate
Konpreyansyon moun serye
Li di l abiye ton sou ton
L met yon chemiz vèt ak yon pantalon ble
Li di l gen anpil lajan pitit li fè mwayen de
Li pran l li voye l nouyòk
Li di l se sesi l se sela …se sa
Gade kijan w vanipye
Konpran n ke li byen chita son w pyedestal
Gade kijan w vagabond kanpe l deklare
L di l ka achte yon kapital
Me lè meday la rive lanvè…se vre

Lavi… a li menm ou te dwe panse
Ou fèt pou konnen ke l gen yon fas kache
Pou gentan demele w
Pretansyon anbisyon
Mwen konn se sa k enfliyanse w
Monchè fòk ou pran byen pou pa betize
Pou malè pa rive w

Ou di wabiye ton sou ton
Ou met yon chemiz vèt ak yon pantalon ble
Ou di wi ke w pap chape
Se pitit sò yèt ou ye
Manje pa vann bon mache
Ou mèt mache pale pa g anyen k ap chanje
Car konjonkti glise

Gade kijan w vanipye konprann
Ke li byen chita sou w pyedestal
Mezanmi kite l jape
Li te mèt pale franse
Pale franse an jebede
Mwen konnen vle pa vle
Kan menm fòk sa change
Kan menm fòk sa change
Kan menm fòk sa change