Limit Solèy-Tamara Suffren

Genre-Haitian Jazz
Year-2013
Produced By-Boulo Valcourt
Lyrics By-Syto Cavé
[Verse 1]
Pi lwen solèy la ka rive woy, se la je m rankontre ak je w
Pi bèl rèv mwen fè sanble avè w
Ta renmen w toujou bò kote m
Se ou ki bay jounen m chalè

[Verse 2]
Pi bèl riyèl ki sou latè se kote menaj mwen rete
Pi bèl powèm lanmou ekri
Demen maten li pran lari
Demen maten l tounen on chante

[Bridge]
Lanmou pa te konnen si yon jou l ta rankontre n
Depi lè sa a, li fou damou pou nou
Mwen sèmante mwen pape janm janm kite w
Ou menm avè m se pou letènite