Djannie-Emeline Michel

Genre-Haitian Jazz
Year-2013
Produced By-Kali Banjo
Lyrics By-Emeline Michel
[Verse 1]
Li frape w ou pa pale
Ou di w kase ou pa ale
Ou mare
Mwen santi kè w ap rache
Ou konnen sa pap mache
Ou mele

Ouh Djannie
Hmm... désolé

[Verse 2]
Pa gad dèyè, pa pran priyè
Bay kou bliye, pot mak sonje
Fò w chape
Lanmou pa malè, l’pa mizè
Lanmou se lonè, se respè
Louvri je w


[Pre-chorus]
Ale - Wi se lavi w w'ap sove
Ale - E se lanmou wa trouve
Ale - Wi se lavi w w'ap sove
Ale - Konsa lanmou w'ap trouve


[Chorus]
Oh Djannie, oh Djannie
Di bye bye, ale
Oh Djannie, oh Djannie
Di bye bye, ale


[Verse 3]
Sonje nou pase la deja
Yon fwa, de fwa pa dènye fwa
Pa twonpe w
‘On moun ka frape w, ka blese w
Aprè mennen flè, karese w pa renmen w


[Bridge]
Nou tout vle yon zepòl, de bra pou sere n
Men nou pa vle de men ki ka touye n


[Pre-chorus]
Ale -Wi se lavi w w'ap sove
Ale - Konsa lanmou w'ap trouve
Ale - Se lavi w w'ap sove
Ale


[Chorus]
Oh Djannie Oh Djannie
Di bye bye, di bye bye


[Vocalizing]


[Outro]
Fò w ale Djannie
Mwen di w paske m pase la deja
Kwè mwen, m'pap pale met la
Fò w ale Djannie (2x)


[Pre-chorus + Chorus]