M Damou-BélO

Genre-Haitian Jazz
Year-2011
Eske ou ka imajine ?
Chak fwa ke’m rankontre’w m’damou’w
Mwen pa janm sav kisa pou’m diw
M’pa te gen mwayen poum ekri’w
Pou mwen di’w jan m’renmen’w
Di’w jan’m damou

M’damou, m’anvayi ak lòv pou ou (4 fois)

Fò ou ta andanm pou ta konprann kijan’m santi’m
Pou ta rive konpran fò’w ta fè yon jou nan lavi’m
Pou ta wè jan mwen vle’w, janm anvi karesew
Lè sa’w ta rive konpran pouki map reve’w
Chak fwa’m imajine’m bò kote’w mwen get high
Jou’m ta rive touche’w cheri m believe map fly
Sa yo se pawòl ki soti nan fon kè’m
Ou okipe panse’m, mache vini pre’m

M’damou, m’anvayi ak lòv pou ou (4 fois)

[Bridge]
Wi se ou’k nan panse mwen
Se ou kap toumante’m
Lanmou sa boulvèse mwen
Li fè’m pale, depale, li fè’m mwen swe
Li fè’m di sa’m pa vle

M’damou, m’anvayi ak lòv pou ou (4 fois)

Se toujou konsa
Toujou yon gwo traka
A chak fwa ke mwen wè’w
Mwen pa janm sav kisa pou’m di’w
Pa te gen mwayen pou ekri’w
Pou mwen diw
Janm ka fou pou ou
Mwen damou’w doudou