Banm Nouvèl Ou -BélO

Genre-Haitian Jazz
Year-2014
[Chorus]
Banm nouvèl ou
Ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri fò m jwenn nouvèl ou

[Verse 1]
Ou ret konsa ou disparèt nan vi m
Bagay sa toumante lespri m
Ou pa rele, ou pa menm ekri m
Pa di lanmou w gentan enmi m
Chache nouvèl ou, m'rele tout zanmi w
Frite douvan pòt tout fanmi w
Mwen vle reprann plas mwen nan vi w
O non, mwen pa vle pedi w

[Pre-chorus]
Gras o, map mande w gras o
Mwen sèmante, pito ranpe
Men mwen pap janmè kite w ale

[Chorus]
Banm nouvèl ou
Ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri fò m jwenn nouvèl ou

[Verse 2]
Plizyè semèn gentan pase
Mwen pa tande w, kote ou ye
Pa di m lanmou w gentan fane
Menm si chimen n paka kwaze
Yon mezantant fè nou fache
Sou yon move pant, jodi a m'ye
Maltèt, chagren ak kè kase
Si w pa pase, map trepase

[Pre-chorus]
Gras o, map mande w gras
Mwen sèmante, pito ranpe
Non mwen pap kite w

[Chorus]
Banm nouvèl ou
Ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri fò m jwenn nouvèl ou


[Bridge]
Pa bliye w se fanm lavi m
Manmanm, vye sò m, trezò mwen
Pèsonn paka ranplase w
Ou k' sèl metrès nan fò mwen
Wanganegès mwen
Sèt kout bagèt mwen
Dwòg ki nan tèt mwen
Tanpri tounen

O O O O (3x)

[Vamp]
Se nan Ginen w te ye (3x)
Mape chèche w, mwen pa twouve w
Se nan Ginen w te ye (3x)
Mape chèche w, mwen pa twouve w

[Chorus]
Banm nouvèl ou
Ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri fò m jwenn nouvèl ou

Banm nouvèl ou
O O O O