Ou Manke M-Sherlee Skai

Genre-Haitian Jazz
Year-2014
Produced By-Poppy Duverné
Lyrics By-Sherlee Skai
Verse 1]
Pa konprann bagay yo fasil pou nou
Chak jou se yon konba, se yon presyon pou n suviv
Gen sa ki vle fè w kwè lan paradi nou ye
Deside inyore lakay nou nou pa ye
Toujou santi m tankou ‘on pitit deyò
Bèlmè pa ranplase manman
Depi tèt mwen pran zòrye se ou mwen wè cheri

[Refrain]
Ou manke m
Ayiti, ou manke m
Oh, m'reziye m
Men cheri ou manke mwen
Ayiti cheri

[Verse 2]
Souvan chagren rive anvayi kè nou
Fanmi, zanmi byen lwen epi nou plen pwoblèm
Redi travay byen di pou nou ka jwenn respè nou
Men twò souvan koulè po nou tounen baryè nou
Defwa m'santi m'nan ladesant
Belmè pa ranplase manman
Depi tèt mwen pran zòrye se ou mwen wè cheri

[Refrain]
Ou manke m
Ayiti, ou manke mwen
Oh mwen reziye m
Men cheri ou manke m
Ou manke m, ou manke m

[Bridge]
Presyon lavi defwa fè n bliye sa k voye n isit
Men zansèt nou yo te di sa: rasin lan twò fon li paka detwi
Se la lonbrit mwen planet
La ti premye menaj mwen ye
Chak jou Bondye mete ou lan kè m, ou manke m

[Guitar solo]

[Refrain]

[Outro]
Ou manke mwen (rpt till end)
Ti kafe m lèmaten...oh cheri
Dlo kokoye ole, tablèt, pistach griye
Ou mankè m, ‘pa konn kijan ou manke mwen
Oh cheri m
Ayiti cheri