Vann Dlo-BélO

Genre-Haitian Jazz
Year-2014
Produced By-Jean Bélony Murat
Moun yo, men dlo a (4x)

[Verse 1]
M'ap bat dlo pou m fè bè
Paske mwen renmen lavi vre
Pap antre nan move zafè
Menm si se vre lavi di
Ta renmen woule yon bèl oto
Men sepandan mwen poko, m'poko kapab
M'ap fè tout sa m konnen, pou tchovi yo ka miyò demen
Mpito, m'pito, m'pito

[Chorus]
Pito vann dlo, pito vann dlo
Pito mache nan solèy cho
Pito vann dlo, m'pito vann dlo
Pou m fè edikasyon timoun yo avan m'ale

[Verse 2]
Se pa chak jou m'ta pran lari a
M'oblije satiyèt lavi a
Gen de jou m'pa gen kòb taxi a
Men fòk mwen soti, m'pa gen le chwa (No)
Pa janm gen tan pou timoun yo
Lè mwen rantre yo gentan fè dodo
M'ap fè tout sa m kapab
Demen fòk yo sitwayen valab
Mwen pito, m'pito, m'pito

[Chorus]
Pito vann dlo, pito vann dlo
Pito mache ak yon boyo (nan solèy cho)
Pito vann dlo, m'pito vann dlo (Lord)
Pou m fè edikasyon tchovi yo avan m'ale

[Bridge]
Pap redi gras Bondye
Pap janm dekouraje
Menm si m konnen anpil kout swe gen pou l tonbe
Tout otan tèt mwen pa koupe
Te mèt s'on chapo pay, m'ap espere

Moun yo, men dlo a (4x)

Manmanm o, men dlo a (4x)

Mwen pito vann dlo, m'pito vann dlo, m'pito vann dlo
Mwen pito vann dlo, m'pito vann dlo, m'pito vann dlo
M'pito kole boyo

Manmanm o, men dlo a (4x)

[Rap]
Ou konnen nan lavi nanpwen so metye
Yon nonm pou reyisi, fò w pa pè lite
Pa janm tande yo di ke malere se yon peche
Map goumen pou edike pitit mwen ak diyite

Manmanm o, men dlo a (4x)