Drapo M Nan-BélO

Genre-Haitian Jazz
Year-2017
Produced By-Azgad Rehuel Massena
[BélO]
Drapo m nan se koulè san n ki te koule pou libète
Koulè po m yo pat vle wè kòmkwa mwen te yon moun dane

[Darline Desca]
Drapo m nan se pat fasil si w wè jodiya l egziste 
Se gran paran n ki te kanpe fasalepòk pi gwo lame

[Shishie]
Drapo m nan reprezante chanjman listwa limanite
S on bagay dròl ou ka wè l senp poutan lèkstrèman konplike

[Fatima]
Drapo m nan se li raple lamerik ak le mond antye 
Ayisyen yo pat aksepte pou moun esklav okenn kote

[Geraldo]
Drapo m nan soti de pi bèl istwa ki janm egziste
Istwa zansèt nou yo k te sakrifye yo pou n ka libere

[Shishie]
Se pa yon fab, se p on roman non plis, se pa yon kont de fè

[Fatima]
Se premye fwa sa te rive se mond lan ki ta pral chanje

[Chorus]
Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la se fyète mwen
Mèt fè sa w vle l ap rete kole anba po mwen

[Mandela]
Drapo a pap ka konprann ke jodiya nou divize

[Wanito]
Deviz nou “l union fait la force” men malgre sa n gen prejije

[BIC]
Plizyè tribi ini fòs yo pou libere tout yon ras
Poutan nou menm kòm desandan nou separe tèt nou an klas

[Jeanjean]
Drapo sa ta dwe chanje si se eta sa n ap rete
[J Perry]
Li pa gen sans pou nou ankò tèlman nou wè ke n pa sanble

[Mika]
Drapo m nan li lè li tan pou reprann plas ou te genyen 
Menm jan l te ye nan tan lontan pou Dahome ak nèg Ginen

[Misty]
Drapo m nan tankou solèy yo panse k pa tap janm briye
Li raple ke mond jodiya se Vertières li te kòmanse

[Medjy]
Drapo m nan pa enkyete w menm si w ta we dèfwa w blaze 
Yon jou kanmenm fòk yo kanpe pou ba w valè ke w merite

[Chorus]
Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la se fyète mwen
Mèt fè sa w vle l ap rete kole anba po mwen

[Wanito]
Li kole anba po mwen

[Queen Bee]
Yon jou gen pou rive y ap sispann pase ou anba pye

[BélO]
Wa va jwenn respè w merite

[Jeanjean]
Y ap wè w tankou vrè senbòl libète

[Chorus]
Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la se fyète mwen
Mèt fè sa w vle l ap rete kole anba po mwen

[Fatima]
Fyète mwen

[BélO]
Li anba po mwen
Drapo m se fyète m
E m fyè ke m se ayisyen
Ayisyanite m anba po m