Ti Machann-Emeline Michel

Genre-Haitian Jazz
Year-1988
Produced By-Shap Music, Haiti 1988 And Cobalt, France 1989
Lyrics By-Jean Winer PASCAL; Music: Beethova Obas
Ti Machann


Solèy la té byen wo
ak oun pyès kaliko
Oun ti machann pasé
s-on-w vwa k-ap déchiré.

Pèsonn pa voyé jé
pèsonn pa machandé
Oun ti machann pasé
pèsonn pa vinn achté.


Lakay, fò-l rémonté
dé ti fi, youn ti gason-l kité
Pa gen pratik, nanpwen la vant
sa l-ap pot pou vant.


Kalé mònn ak pas dlo
ak oun pyès kaliko
Pou solèy ak la pli
pyé blanch ak maladi.

Nan dan wòch l-ap rédi
li bouké, li pèdi
Sou wout l-ap trépasé
anyen li pat kité
anyen li pa poté.


Lakay, fò-l rémonté
dé ti fi, youn ti gason-l kité
Pa gen pratik, nanpwen la vant
sa l-ap pot pou vant.

Lyrics written by: Jean Winer PASCAL
Music: Beethova Obas
-Album: Emeline 2, Sharp Music, Haiti, 1988
-Album: Flanm, Cobalt, France 1989