Egzotik-Emeline Michel

Genre-Haitian Jazz
Year-2019
Featuring-Riva Precil & Princess Eud
Lyrics By-Emeline Michel
[Emeline]
Ou di mwen Egzotik
Mistik e emotif OK!
W’ap ban’m lajan kontan
Pou ka fè kè’m kontan
Se la ou ye!
Ou pot koze vann mwen
Pou ka jwenn wout kabann mwen
Men sa’w wè la ou pa ka achte’l

[Chorus]
Back up (4X) eyy
Fè bak (4X) han han
Back up (4X) eyy
Fè bak (4X) han han
Back up (4X)
[Riva]
Ou di mwen egzotik
On ti jan ewotik Ok
W’ap pwomnen’m nan bèl oto
Se pa de bèl foto
Se la ou ye!
M’ka grangou yon jou
Men mwen pap met ajenou
Machande’l ou pa ka achte’l

[Chorus]
Back up (4X) eyy
Fè bak (4X) han han
Back up (4X) eyy
Fè bak (4X) han han
Back up (4X)

[Bridge 1] 2X
Si’w manje lajan chango
Fò yon jou’w peye chango woyyy
Alò medam ranmase jipon’n
Pwoteje repitasyon nou

[Bridge 2]
Lòm fè lajan
Men lajan fè lòm gaye
Se swa’w mèt ou byen esklav
Fòk ou chwazi

[Princess Eud]
Pa machande
Mwen pa pot pou vann
Lajan pap achte fanm ki gen nanm
Fyète se sa ki ban’m fyèl pou tann
Fyète se sa ki ban’m fyèl pou tann
W’ap pèdi tan’w nan fè’m wè sa’w ka ban m
Sa’w ka ban m.... hey?
M’pap chanje lide si lanmou pa ladan
Lò ak dyaman pa ka fè’w jwe ladan
M’pap chanje lide si lanmou pa ladan
Lò ak dyaman pa ka fè’w jwe ladan
Di’l ankò
Pa ka fè’w jwe ladan
Di’l anko
Pa ka fè’w jwe ladan

[Chorus]
Back up (4X) eyy
Fè bak (4X) han han
Back up (4X)

[Outro]
Back up (4X)