Piwouli-Luck Mervil

Genre-Haitian Jazz
Year-2004
Lyrics By-Luck Mervil
Vandredi swa lekòl lage
Fòk m al lan mache, al chèche kokoye
Si mwen pa jewnn, manman m ape joure m
Woy Jesika, fòk male tanpri lage m

Manman m vle fè on boutèy kremas
E ou konnen s'on granmoun ki pès
Li vle m brase dlo kokoye a
Jouk li dous, jouk li pwès
Doudou m lan ou konnen m a vle kite
ou san m pa fè ou dous cheri
Gade lan pòch kanson Lòki
se la wa jwenn yon piwouli

[Refren]
Jesika kenbe piwouli a, li rale piwouli a
Li devlope piwouli a, li gade piwouli a
Li manyen piwouli a, li karese piwouli a
Li kontan piwouli a, li souse piwouli a
Sa l fè? Li souse piwouli a,woy piwouli a

Madmwazèl lan, Ti cheri a, Boubout lan

Lè a vanse, solèy desann
Fòk m al fè wout mwen, mezanmi mwen pa ka tann
Si tout machann fèmen boutik
Woy Jesika, sitiyasyon m ap vin kritik

Fòk m al chèche on boutèy kleren,
Lamé vle met tout moun lan wòy yo
Fòk m achte de twa mòso pen, aswè an
ap dòmi bò dlo
Cheri ou konnen sa k pa m se pa ou,
anba solèy anba lapli
Men aswè a kinnanm mwen an, sèl sa ki
pa m s'on piwouli

[Refren]

Jesika, Chouboulout mwen an,
Madmwazèl lan...

Konpa lòki s on kremas kape brase
S on koulèv k ap derape
Yon tchaka k ap brase ren l
S on mayimoulen k ap moulen
Yon labouyi k ap bouyi
S on akasan ak bobori
S on sòspwa k ap woule sou on diri...