Ou Pat Janm Renmen M-Anie Alerte

Genre-Folklore
Year-2020
[Intro]
Yeah yeah

[Verse]
Ou te vin sou mwen trè janti
Byen dousman tankou on ti inosan
Tankou w pat ka kase ze w
W tap gade mwen tout an souriyan
Galan pase w pat genyen
Te menm konn louvri pòt machin nan
Pote flè pot ti kado
Ou te definisyon bon jennjan
M te ba w kè m san ezite
Tankou se ou sèl k ekziste
Tout zanmi m yo m ekate m ekate
Fè m santi w fin abitye
Mwen louvri pòt kò m ba w antre
Non bat je se do w mwen wè ki prale

[Chorus]
Ou pat janm renmen m – cheri w pat janm renmen mwen
Ou pat janm renmen m – hey hey
Ou pat janm renmen m – hmmm
Ou pat janm renmen m

[Verse]
Kounya lè m rele w nan telefòn ou pran pòz toujou okipe
Ou fè mwen santi m son moun ou dwe
Pou mwen ou toujou nan kache
Kounya w vin genyen on lòt vizaj
Yon zanj ki vin tounen on demon
Si m te konnen w pat vin pou w rete
Nan vi m m pa tap kite w antre
Paske w te vle jwe nan kò m ou jwe ak kè mwen avan
Ou fin jwenn sa w te vle a kounya m espere w kontan
Kontan kontan kontan konta

[Chorus]

[Guitar]

[Verse]
Se te pou yon moman yon moman w tap pase
Mwen m te vle w pou tout tan Jouk tan mwen trepase
Ou vann mwen fo rèv ou ban mwen fo pwomès
Antouka w bon sou mwen baby baby baby