Nanm-Vanessa Jeudi

Genre-Folklore
Year-2020
mmmhhhmmmm
Mmmmhhhhh mmmhhhmmmm

[1]
Lannuit parèt ak bèl zetwal
Lavi souri je li louvri
Chak sa l touche koube ba li
Chimen bonè l te tou trase
Anba zèl inosans l ape grandi
Jis pousyè reyalite l tonbe nan je l
Li pran kòn lanbi l chante libète l
Pye l foule beton jaden batay

Mmmmhhhhh mmmhhhmmmm
Mmmmhhhhh mmmhhhmmmm
Mmmmhhhhh mmmhhhmmmm
Mmmmhhhhh mmmhhhmmmm

[2]
Sèl woulib li se sou kamyon lavi chè
Li pan tout fòm li pran tout wout lavi pa chita
Li se fanm li nwè li bèl
Sè l sa l konte se monnen
Tche wòb li nan men l
Chak frap s on nago a kase ooo
Nago nago se ou menm ki mennen m isit pran ka mwen (2x)

[Choral]
Nago nago se oumenm ki mennen isit pran ka mwen
Nago nago se oumenm ki mennen m isit pran ka mwen

Li lè li tan Nago
Li lè li tan Nago

Se ou menm ki mennen m isit pran ka mwen

Li lè li tan Nago
Li lè li tan Nago

Se ou menm ki mennen m isit pran ka mwen

Mmmmhhhhh mmmm