Vakans Sa-BelO

Genre-Folklore
Year-2016
Featuring-Mélo
[Verse 1]
Mwen vle louvè je m men m pa vle leve
San ou bò kote m, m poko vle w ale
Li twò bone pou nou separe
Sak fè m pi pè se pou w ta bliye

[Pre-chorus]
Reyon solèy la, nan syèl la
Avèk nou k ap briye nan dlo rivyè a
Lanmè a sou po nou ki plonje nan on vag lanmou
Ki vin pote n ale chak tan l fè jou
Pou jouk solèy kouche

[Chorus]
M pa vle w bliye vakans sa, vakans sa, vakans sa
M pa vle w bliye vakans sa, vakans sa

[Verse 2]
Apèn kòmanse, men vakans yo gentan fini
Fèk ap pwofite men se domaj jou yo kouri
Gentan fè lè pou nou separe
Lekòl ouvè men m pa vle w bliye

[Pre-chorus]

[Chorus]

[Bridge]
M pa vle w bliye jan n te konn jwe marèl domino kat oslè kòt lago
Mwen vle w sonje jan n te konn ye lè n tap chante lè n tap danse

[Pre-chorus]

[Chorus]

[Outro]
Mwen vle louvè je m men m pa vle leve
San ou bò kote m, m poko vle w ale