Mal-Darline Desca

Genre-Folklore
Year-2019
[Intro]
Ou te fin fè'm kwè nan ou
Ou te fin fè'm kwè nan lanmou
Men konnya ou pati kite mwen
Pou tèt yon mesaj
Whatsapp zanmi'm voye pou mwen
Eh!

[Chorus]
Ou prive'm de libète'm ( why oh )
Ak zanmi m'paka pale ( why oh oh )
Lè telefòn mwen sone
Ou toujou ap siveye'm
Se kòmsi m'se yon prizonye
Anndan penitansye

Baby oh
Bagay sa fè mwen mal oh
Mal oh
Bagay sa fè'm mal oh
Mal oh
Bagay sa fè'm mal mal mal
Mal oh
Bagay sa fè'm mal oh
Mal oh
Bagay sa fè'm mal mal mal

[Verse 1]
Diskisyon, Vye joure
Pil vye mo'k repete
Depi phone sone
Ou boude'w
Ou toujou kontrarye
Se nan douch pou'm kache
Pou'm pale, fò'm veye
Men'm ak zanmi m'paka paleee
Mwen ba'w tout tan an
M'toujou avè'w souvan
M'pa wè pouki rezon'w pa fè'm konfyans
Babe !
Ou toujou bezwen konnen
Mot de passe mwen cheri
Tout lajounen w'ap bougonnen
Lè yon moun text mwen cheri
Ou toujou bezwen konnen
Kisa moun ap di'm
Fè diskisyon pou anyen
Fè tout zanmi'm yo ap ri'm

[Chorus]
Ou prive'm de libète'm ( why oh )
Ak zanmi m'paka pale ( why oh oh )
Lè telefòn mwen sone
Ou toujou ap siveye'm
Se kòmsi m'se yon prizonye
Anndan penitansye

Baby oh
Bagay sa fè mwen mal oh
Mal oh
Bagay sa fè'm mal oh
Mal oh
Bagay sa fè'm mal mal mal
Mal oh
Bagay sa fè'm mal oh
Mal oh
Bagay sa fè'm mal mal mal

[Verse 2]
Depi'm bò kote'w m'panike
Ou ban'm twòp lòd pou'm aplike
Telefòn mwen nan men'm w'ajite
W'ajite, w'ajite, w'ajite, w'ajite e
Lanmou sa s'on lago kache
M'toujou sou mode Avion
M'pa vle'w fache
Paske'm gen kèk sekrè
M'pa vle'w chache
Franchman m'santi'm bouke e
Relasyon nou m'pa vle gache
Tankou s'on mayo blan m'pa vle tache
Franchman baby sa fè mwen mal
Mal (4x)


[Outro]
Mal oh
Bagay sa fè'm mal oh
Mal oh
Bagay sa fè'm mal mal mal
Mal oh
Bagay sa fè'm mal oh ( e e )
Mal oh
Bagay sa fè'm mal mal mal

Twòp pwoblè'm
Cheri'w ban'm twòp pwòblè'm
Twòp pwoblè'm
Cheri'w ban'm twòp pwòblè'm
Noh
Twòp pwoblè'm
Cheri'w ban'm twòp pwòblè'm
Twòp pwoblè'm
Cheri'w ban'm twòp pwòblè'm