Panique Globalisée-Wooly Saint Louis Jean

Genre-Haitian Jazz
Year-2020
Featuring-Jean Philippe Fanfant, Stephane Castry, Milot Eliassaint
Produced By-Jimmy Jean Felix Executive Producer: The InterfineArt Group
Lyrics By-Jean Winer Pascal Music By Wooly Saint-Louis Jean
Panique globalisée

Planèt sa’a, se kay nou li ye
se nan kè’l rèv nou desine
Tout sezon, mare nan prizon
la pèrèz wonje ke pwazon.

Se tout nasyon
ki sou presyon
agresyon.
Planèt la, se yon ti vilaj
sou tele, gen yon sèl imaj
Nan radyo, yon sèl eko
nan labo, mond lan nan kacho.

Se tout nasyon
ki sou presyon
agresyon.

Yo fout fèmen tout pò
ak tout ayewopò
Yo minote la tè
kadnase tout fontyè
Plas piblik, souri, lwazi
moun pa menm ka ri.

Se tout nasyon
ki sou presyon
agresyon.

Solo gita…….

Nan la ri, moun pa ka mache
a distans, a pye pou’n salye
Tout sa’k te senp, yo vinn konplike
panik sa’a li globalize.

Se tout nasyon
ki sou presyon
agresyon.

Yo fout fèmen tout pò
ak tout ayewopò
Yo minote la tè
kadnase tout fontyè
Plas piblik, souri, lwazi
moun pa menm ka ri.

Se tout nasyon
ki sou presyon
agresyon.

Se yon envazyon, mwen di
se yon vyolasyon’d la vi
Se yon kontajyon, foli
mond sa’a alanvè, zanmi.

Se pa manti
ni teyori
tirani.

Paroles: Jean Winer PASCAL
Musique: Wooly Saint Louis Jean
25 mars 2020