Malgre Tou-F-Mack

Genre-Haitian Jazz
Year-2014
Produced By-David Morinvil
[Verse]
Nan kè m g’on bagay k ap ravaje m
S’on doulè k pa rete ak tout doulè
Tèlman l toumante m maten, midi e swa
Li domine m, li fè m kagou
Sa m pral di w la cheri sèlman m vle w konprann
Tèlman m renmen w fè tout rezonman m yo pati
M’ap goumen pou lanmou m nan, cheri ou san sousi
[Pre-chorus]
Sa fè mwen soufri,
Sa fè m pa ka ri
Mwen pa ka dòmi
Manmi kite m di w
[Chorus]
Malgre w san afeksyon,
Ou pa banm atansyon
Sèlman m vle konnen w renmen m (2x)
Lè ou la se pwazon
Lè w avè m se tansyon
Sèlman m vle konnen w renmen m (2x)
[Verse]
Tout zanmi w konn tout sa w bezwen
Menm chyen nan kay ou chou choute kè mwen
Tout sa mwen renmen l toumante w, ou rayi l l anmède ou
Lè w avè m mwen wè w chanje
Pandan m’ap pale avè w, lè sa w’ap imilye m
Chak jou m’ap plenyen pou ti “doudou je t’aime”
[Pre-chorus]
Sa fè mwen soufri,
Sa fè m pa ka ri
Li fè m pa dòmi
Manmi kite m di w
[Chorus]
Malgre w san afeksyon,
Ou pa banm atansyon
Sèlman m’vle konnen w renmen m (2x)
Lè ou la se pwazon
Lè w avè m se tansyon
Sèlman m’vle konnen w renmen m (2x)
[Bridge]
Di mwen dou, pou kisa chanjman sa a?
(Non lanmou nou pat janm konsa)
Di mwen dou, pou ki tout soufrans sa a?
(Non lanmou nou pat janm konsa)
Di mwen dou, pou ki vin gen tretman sa a?
[Chorus]
[Outro]
Se ou m vle
Oh wi babe
Sèlman m vle w renmen m