Tonton Nwèl Cheri-Yole Dérose

Genre-Folklore
[Verse 1]
Tonton Nwèl cheri ou pa janm pase
Menm yon ti pope w pa pote pou mwen
Ala m ta kontan mwen menm ak ti Jean woy
Manman pap travay, papa m pap travay
Yo pa gen lajan pou ba nou manje
Ale wè pope, ale wè balon, menm yon pildetwal

[Chorus]
Si w pa pase m pa ka rele viv nwèl
Si w pa pase m pap rele viv anyen
Si w pa pase m pa ka rele viv nwèl
Tanpri fè m kè kontan

[Verse 2]
Tonton Nwèl cheri gade m pye atè
Gade m toutouni mwen bezwen on ti rad
Yon soulye boyo pou m fè ti joudlan woy
Ti Jean pa gen rad, Ti Jean tou malad
Se yon sèl ti frè ke Bondye ban mwen
Papa m nan pote, manman m nan mande
Paren mwen an broche

[Chorus]

[Verse 3]
Tonton Nwèl cheri si w pa ka pot jwèt wa pot on ti lanp ak yon silabè
Mwen bezwen limyè pou m touye mizè wo
Manman pap travay, papa m pap travay
Yo pa gen lajan pou ba nou manje
Si m te gen limyè menm si m pa doktè m ta trete mizè

[Chorus]

[Chorus 2]
Noel Noel, men Nwèl la tounen wo
Noel Noel, tout kè m se lapen
Noel Noel, noel malere wo
Noel Noel, tout kè m se lapen