Émotionnelle-Gina Dupervil

Genre-Folklore
Year-1993
[Verse 1]
Emosyonèl sansibilite mwen à fleur de peau
Non se pa fòt mwen se pou anyen zye mwen vle koule dlo
Klere zetwa nan syèl file monte toujou ale two wo
Sa pa fe anyen yon jou ma va rive bay moso
E menm si yo di ke pasyon se yon prizon
Kite mwen anfème e voye kle a jete
Menm si mwen poko jwenn lanmou san kondisyon
Avan mwen dekouve l m ap toujou kontinye reve

[Choeur]
Yon ti plas au soleil – Pou mwen avè w doudou
Yon ti plas nan kè mwen – pou pwoteje lanmou nou
Yon ti moso lalin – ma va keyi l pou ou
Dekwoche les étoiles – ma va depoze l nan pye ou

[Verse 2]
Sansasyonèl
lanmou anvayi mwen lè mwen avè ou
mennen m ale lwen ou fè mwen vwayaje
lè mwen tou pre w
mwen rele zanj nan syèl
pou santiman nou toujou etènèl
epanye kè mwen sikre lavi m avèk yon ti gou myèl
E menm si yo di ke pasyon se yon prizon
Kite mwen anfème e voye kle a jete
Menm si mwen poko jwenn lanmou san kondisyon
Avan mwen dekouve l m ap toujou kontinye reve

[Choeur]

[Outro]
Yon ti plas au soleil Pou mwen avè w doudou
Yon ti plas nan kè mwen se pou nou pwoteje lanmou nou
Yon ti moso lalin ma va keyi l pou ou
Dekwoche les étoiles ma va depoze l nan pye ou