Ayiti Demen (Lè La Libere Ayiti Va Bèl)-Carole Demesmin

Genre-Folklore
Year-1978
Lyrics By-Jean-Claude Martineau

[Hook]
Lè la libere Ayiti va bèl o
W a tande, wa tande koze
Lè la libere Ayiti va bèl o
W a tande alon ti peyi mache o
W a tande

[Verse 1]
Nou kapab pèdi moun
Nou ka pèdi batay
Men pèdi Ayiti se yon lòt bagay
Nenpòt lè san yon patriyòt koule
Va genyen yon douzèn lòt ki pou leve

[Verse 2]
Lit la di anpil e l ka dire lontan
Men de jou an jou n ape vanse
Moman difisil ape tann nou devan
Men nou pape janm dekouraje
Nou konn Ayiti a vin yon bon peyi
Kote avni pèp la asire
Kote sa k plante se li ki rekòlte
Kote sa ki swe se li k poze

[Hook]

[Verse 3]
Lè sa a fanm yo va gen choublak nan cheve
Gason yo va gen mouchwa wouj mare
Nan lari tout timoun ape chante
Granmoun yo menm va di men jou a rive

[Verse 4]
Menm jan pye joumou pa janm donnen kalbas
Laparès pa donnen laviktwa
Yon sèl gout lapli pa ka fè lavalas
Zong kretyen vivan pa koupe bwa
Men nou pa kapab rete de bra kwaze
Si nou vle jou sa a rive vreman
Yo pa janm fè pèp kado lalibète
Libète se pou pèp ki vanyan

[Hook]