Lanmou Se Lavi-Mandela

Genre-Haitian Jazz
Year-2013
Lyrics By-Mandela Jean François
[Verse 1]
Lanmou pa gen pri, ni l pa vann nan mache
Li pa gen limit, ni l pa ka mezire
Li pa pran koulè, ni w pa ka pentire l
Li pote malè, sa depan jan w vire l
Lanmou fè souri, menm jan li fè kriye
Lanmou se lavi, menm si l bay tèt chaje
Pinga w sèmante di andan w li pa ye
Jou l ta pike kè w, ou pap ka reziste
An han…

[Chorus]
Lanmou se lavi
Lanmou pa gen pitye
Li ka fè sa l vle ak tout otorite
Sila ki viktim yo di lanmou fè mal
Men sa pa anpeche genyen kè ki ere

An han…

[Verse 2]
Lanmou gen gwo gòj, ni l pa janm rasazye
Si l pran pòz gwo gòj sou ou l ka mete pye
Li tankou yon kò ki pa janm satire
Menm devan lanmò, wi li ka reziste
Lanmou pa yon jwèt, pa ka viv li jan w vle
Kap pran w ak kout frèt jouk li fè ou kriye
Li tankou yon boul, sèlman kite l woule
Sou bò pa w la pou l kanpe lè l dezire
Ou wo o

[Chorus]