Viv Ayiti-Mizik Mizik

Genre-Folklore
Year-1986
Produced By-Fabrice Rouzier
[Verse 1]
Si se chalè solèy n’ape chèche
Si se bèl flè ak bèl koulè nou vle
Mwen konn yon ti kote nou pape janm bliye l
Si nou vinn vizite l ou pape janm vle kite l
Non l fasil pou sonje, se Ayiti

[Verse 2]
Si se chalè nan kè n’ape chèche
Si se tandrès avèk karès nou vle
Mwen konn yon ti kote tout moun yo gen bon kè
Wa va di yo “Onè,” y’ap reponn ou “Respè”
Non l fasil pou sonje, se Ayiti

[Hook]
Viv Ayiti cheri
Menm si n’ape soufri
An n pran kouraj travay menm jan ak zansèt nou yo
Pou ti peyi n ka bay pou li monte pi wo

[Bridge]
Yon ti peyi ki bèl
Solèy ak lakansyèl
Yon ti peyi lajwa
An nou bali espwa
O wi

[Interlude]

[Verse 1]

[Verse 2]

[Hook]