La Vi Yon Fle-Beethova Obas

Genre-Haitian Jazz
Year-1996
Featuring-Mario Canonge / Jean Philippe Fanfant
Produced By-Declic Communiction
Lyrics By-Jean Winer PASCAL And Music By: Beethova OBAS
La vi yon flè

La vi youn flè, s-on vi-k frajil
lanmò pou li pa difisil
Solèy twò cho, youn gwo gout dlo
épi-l kagou, l-kagé sou do.

Youn flè, youn flè konn bouké viv
lò l-al fléri bò youn gildiv
Si-l bwè kléren, si-l tou grangou
si-l fè lanmou pandan-l tou sou.

Youn flè, youn flè konn poté kwi-l
jouk sou fontyè anba gwo fil
Li vann tout vi-l, pou-l janbé dlo
lò pa gen vi nan Sibawo.

La vi youn flè konn youn lékzil
lò li twò sèl, lò-l lwen péyi-l
Lò l-al pousé jouk lòt bò dlo
nan twou sobwé bò Chicago.

Lò pa gen vi nan Sibawo
lò l-al pousé jouk lòt bò dlo
jouk sou fontyè anba gwo fil
l-al poté kwi-l anba lavil
la vi youn flè, s-on-w vi-k frajil.

Lyrics: Jean Winer PASCAL
Music: Beethova Obas;
Album: Pa Présé, 1996