Si M'te Tonton Nwèl-Lionel Benjamin

Genre-Haitian Jazz
Year-2013
Produced By-Fabrice Rouzier
Lyrics By-Lionel Benjamin
[Verse 1]
Si m’te Tonton Nwèl, mwen t’ap pase tout kote
Si m’te Tonton Nwèl, timoun ta sispann kriye
Si m’te Tonton Nwèl, tout katye ta dekore
Si m’te Tonton Nwèl, tout kay ta repentire

[Verse 2]
Si m’te Tonton Nwèl, ta gen mizik toupatou
Bèl ti mizik Nwèl ki ap pale de lanmou
Si m’te Tonton Nwèl, moun pa ta bwè jou k yo sou
Fèt la ta pi bèl, moun ta fete jouk li jou

[Bridge]
Mwen pa Tonton Nwèl, mwen wè moun ki ap soufri
Pou Nwèl la ka bèl, fòk tout moun ta ka souri

[Verse 3]
Si m’te Tonton Nwèl, m’ta mache simen lapè
M’ta mande lesyèl fè disparèt tout doulè
Si m’te Tonton Nwèl, lanmou ta antre nan tout kè
Si m’te Tonton Nwèl, mwen ta chase lamizè
Si m’te Tonton Nwèl, lanmou ta antre nan tout kè
Si m’te Tonton Nwèl, Ayiti ta nan limyè