Deception-Nickenson Prud'homme

Genre-Konpa
Year-2005
Produced By-Nickenson Prud'homme
Lyrics By-Dener Ceide

What’s going on?

[Verse]
Anpil ane gentan pase
Men ou poko janm ka deside w
Si se avè m ou vle rete
Ou jwe m tout tan ou fè tan m pase
Santiman m pou ou fin grandi
Chak jou pasyon m pou ou ape fleri
Ou mèt kweè m m’pap ba w manti
Ou fè plézi la vi m

[Chorus]
Pa gen anpil pou m di w, ni twòp pou mwen ofri w
Sèl sa m' konnen, m'grangou lanmou (Grangou lanmou w)
Vwayaje nan lòt peyi, mwen wè anpil bèl kreyati
Men se ou k toujou nan lespri m (Ou nan lespri m)

[Verse]
Mwen pa trò fò nan fè pwezi
Men se tout la jounen ma'p ekri
Dè fwa m'chante, m' jwe mizik
Pou'm exprime'w sa'm santi
Pa fè kòm si ou pa konprann
Ke sé pou ou tèt mwen ap pati
Pouki w jwé jwèt endiferans
Pa ban mwen on chans?

[Chorus]

[Bridge]
Cheri w konnen trè bien tout feeling mwen
Tout emosyon lanmou w ka chaye mwen
Panse avè w ka fè kè m sote
Ka fè tout jounen m kontrarye
Istwa lanmou m avè w ka wè demen
Kapab menm fè timoun boujonnen
Pouki ou pa vle chanje lide?
Ka fè bonè nou tou lè de

Deception…

[Keyboard solo]

Ou wo oh oh (rpt)

[Verse]
W’a mete kè w sou kè m
M'ap mete men m nan men w
Cheri mwen p’ap kite w ale
Franchman mwen pare pou m fè sa w mande m
Cheri mwen p’ap kite w ale
Devan lasoysete se ou m met an premye
Cheri mwen p’ap kite w ale
Pa fè mwen lapèn, pa fè m di elas
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016