Nanou-Richie

Genre-Konpa
Year-2010
Featuring-Isnard Doubie, Dabenz
Produced By-Richie
Yo di m ke tout venn sansib touche kè
Hier soir m dòmi m reve Marlène
Istwa manman Nanou
M konnnen l ap tande nou
Ki twouve Potoprens twò di
Fò l pati pou l al chèche lavi
Li vin Etats-Unis

Ranje papye li fè Nanou rantre
Nanou rive, li jwenn manmi l marye
Tifi nan laj te gran
Li fèk gen 17 ans
Manman al travay you jou
Bòpè a manyen Nanou
Olye manman pwoteje l
Se lage li lage l pou mari a pa kite l

Tou sèl, li nan lari tou sèl
Ak you cyclone nan kèl
Sa se pa you bon nouvèl
Li pa bèl

[Guitar Solo]

[Chorus]
Ou pito l pèdi manman l
Paske w pat vle pèdi nonm lan
Men se sa ki rive, manmi abandone l
Anpil foyer gache, lè timoun pa priorize
Paran k ap ranplase konn moun n ap frekante

Nanou nan lari ap chèche kòb
Li kite lekòl al chèche job
Se you avni ki gache
Manman eske w tande
Pouki se bòpè a ki achte
Se Nanou ki peye
Lavi des fwa pa juste
Gad gwosè you injustice

[Chorus]

[Horns]

[Keyboard Solo]

Manman Nanou (Gade sa w kite bòpè a fè)
Manman Nanou (Manman Nanou, ala mechan w mechan)
Manman Nanou

Nonm lan vyole pitit fi w
Epi w chwazi l pou fè vi w
Lè n ap ranplase moun, konn moun n ap frekante
Manman Nanou
Ou mete li deyò
Malgre li pa antò
Manman Nanou (Ou mechan manman Nanou, w anraje)

[Horns]

Manman Nanou
Manman Nanou
Manman Nanou

Richie 10 ans parfait, bon bagay
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016