Beni-Gabel

Genre-Konpa
Year-2023
[Verse 1]
Se chak jou m ap selebre w
Kounya m pa tann fèt mwen rive depi m leve bò kote w
M ap koute jou pou nou marye aprè pou n al fè bebe
M konn tande moun ap di yo pa chanse tout tan yo pa rekòmanse
Mwen sèmante depi lè m fin kwaze w lòt moun pa enterese m

[Hook]
Gen yon moun ki antre nan vi w
S on kado, s on benediksyon mwen beni
Gen yon fanm ou genyen nan lavi w
S on kado, s on benediksyon mwen beni

[Verse 2]
Mwen santi m beni paske m gen chans ou nan vi m
M di Bondye mèsi li ban m moso lanati
M konn tande moun ap di yo pa chanse tout tan yo pa rekòmanse
Mwen sèmante depi lè m fin kwaze w lòt moun pa enterese m

[Hook]

Oukwè se mwen – wi se mwen Jezu mari Joseph

[Keyboard]
Mezanmi men moun yo
Gad jan bondye beni m
Li mete w nan lavi m

[Choir]
Mwen pa gen mo, ni lajan oh
franchman m santi m beni baby
Mwen pa gen mo, ni lajan oh
an verite se mwen k gen plis chans sou latè

[Verse 3]
mwen pa pi bèl pase pèson ni se pa mwen k pi bon flannè
men se mwen k ap pi byen pase – oukwè se mwen oh
m ap travay men pòch mwen koule se efò m ap fè pou m kenbe
men pou ou m toujou byen kanpe – oukwè se mwen wi se mwen

Oukwè se mwen – wi se mwen Jezu mari Joseph

[Keyboard]
Mezanmi men moun yo
Mr Douby cheri – apa nou

Gad jan bondye beni m
Li mete w nan lavi m

[Choir]
Mwen pa gen mo, ni lajan oh
franchman m santi m beni baby
Mwen pa gen mo, ni lajan oh
an verite se mwen k gen plis chans sou latè

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016