Kèm Sere-Sweet Micky

Genre-Konpa
Year-1990
Lanmou pou nou... rache
Manvi plere... rache
Sonje cheri lè nou te tou piti
Nan lanmè toutouni nape kouri
Poukisa, ou vle pouw fèm soufri konsa
Owo, owo, owo, owo
Owo... kèm sere
Manvi plere ou menm avèm
Pakapab kontre
Ou konen map vin chèchew
Kèlke swa kote ou ye.

Ou te di mwen noupap janm separe
Anpil ane gentan paseeee
Di mwen non
Pouki nou pa rekòmanse
Depi 3 jou telefòn ap sonen
Lakay ou pa reponn
Menm vin ou riii
Mwen te vle, fèw sonje
Mekziste toujou
Repriz kè.
Chalè lanmou nou
Fè nou ta viv
Chalè lanmou nou
Vle pou soulem

Lè jou rive mava rankontrew
Lè sa ma diw doudou tout sam panse
Mwen vle, renmenw pou tout lavi cheri
Mwen te viv tankou yon ti kondane
Ki pa gen yon ti chans pou li sove
Ohhh.fèm wè solèy lavi

Repriz kè...