Mea Culpa-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2023
Produced By-Arly Lariviere
Lyrics By-Arly Lariviere
[Verse 1]
Jodia m ap koube m byen ba
Cheri pou mwen fè yo mea culpa
M konnen m ba ou pil traka
Onètman baby ou pa merite sa
Mwen tèlman fè vye eksperyans
ke m te vle konvèti tèt mwen an player
Menm lè se espri de vanjans
Mwen te plis santi m tankou yon loser

[Chorus]
Wi m fè anpil erè baby men m pa vagabon
Made a lot of mistakes baby I’m not a player
Wi m fè anpil erè baby men m pa vagabon
Made a lot of mistakes baby I’m not a player

[Verse 2]
M konnen vo pral vin sou do m
Yo pral rakonte w yon tad istwa
Kite m ba ou verite
Paske sa mwen fè yo se mwen k konnen
Sonje byen que nul n’est parfait
E nou tout aprann de erè n te fè
Remember baby it takes two
Pou nou reyisi fò ban m yon vrè chans

[Chorus]
Wi m fè anpil erè baby men m pa vagabon
Made a lot of mistakes baby I’m not a player
Wi m fè anpil erè baby men m pa vagabon
Made a lot of mistakes baby I’m not a player

[Bridge]
M konnen m fè anpil moun mal
Tout mes excuses si m blese w
Pa di m kreye mond pa m nan pou m viv ladan l
M fè on mea culpa ak tout moun mwen fè mal
Mwen swete ke nou konprann mwen

[Keyboard Solo]

Mwen regrèt mwen regrèt oh
Tout sa mwen te konn fè ou yo
Ou pa merite sa
Mwen regrèt mwen regrèt oh
Tout sa mwen te konn di w ou yo
Ou pa merite sa

M pat konn sa m vle mwen te yon adolesan
Mwen te twò jèn mwen pate konprann lanmou
San eksperyans gen plizyè fi se te on plezi
Kounya m aprann mwen pa konnen mwen te fè w soufri

[Keyboard Solo]

[Guitar Solo]
Mea culpa

Mande padon, cheri m mande w padon (4x)

[Bridge]
M konnen m fè anpil moun mal
Tout mes excuses si m blese w
Pa di m kreye mond pa m nan pou m viv ladan l
M fè on mea culpa ak tout moun mwen fè mal
Mwen swete ke nou konprann mwen