Si'm Te Gen Zèl-Mikaben

Genre-Haitian Jazz
Year-2004
Produced By-Andy Barrow
Lyrics By-Michael "MikaBen" Benjamin
[Intro]
Vole (4x)
Vole vole, keyi zetwal nan syèl
Vole, m’ta vole
Yeah…

[Chorus]
Si m te gen zèl,
Tankou yon zwazo m’ta vole al keyi zetwal nan syèl
Si m te lapli,
Mwen ta jete dlo pou m wouze flè k’ pouse anba solèy
Si m te lajwa,
M’ta antre nan kè tout malere pou yo kapab jwenn lespwa
Si m te lanmou,
M’ta met ajenou devan Bondye pou lèzòm kapab sispann goumen
Yo ta renmen…yeah

[Verse 1]
M’ta fè tout mòn blanch yo rebwaze
Tout sous ki seche rekòmanse koule
Si m te gen pouvwa pou mwen chanje tout sa m dezire
Mwen ta bani tout trayizon
Tout sa ki malad ta jwenn lagerizon
Tout sa ta prouve saj yo te gen rezon

[Chorus]

[Verse 2]
M’ta fè tout sa k’ grangou jwenn manje
Sa k’ nan lesclavaj ta va jwenn libète
Si m te gen pouvwa pou mwen chanje tout sa m dezire
Mwen ta fè tout zam tounen jwèt
Move entansyon santiman disparèt
Si m te ka chante pou m chase mechanste

[Chorus]