Ou Pran Lavi'm-Mozayik

Genre-Haitian Jazz
Year-2000
Featuring-Emeline Michel
Lyrics By-Emeline Michel
[Verse]
Se ou k premye panse m
Chak maten w reveye m
M’pa wè lò sa, lò sa rive m
Lanmou met chènn nan pye m
Bwat sekrè m louvri,
Rèv mwen nan lari
Ou nan tout souvni m,
Limye w limen nan lespri m
Ou se desten, desten lavni m

[Verse]
On espwa abondi
K’on ti kwen paradi
On bèl moman, moman beni
Ansanm n’a reveye
Bwat sekre m louvri,
Rèv mwen nan lari
Ou nan tout souvni m,
Limye w limen nan lespri m
Ou se desten, desten lavni m

[Pre-chorus]
Kou loraj nan pye bwa, ou sot tonbe nan lavi m
M’pa pare lò lanmou di m se mwen l chwazi

[Chorus]
Pran lavi m, ou pran lavi m
Pran lespri m
Lò m leve, tout jounen, lò mwen pral dòmi
Nan lavi m
Mwen jennen fò w konnen, ou pi plis ke zanmi mwen